• (+509) 43125225
  • annkreye20@gmail.com
CLIFFORD LACROIX : YON SENBÒL REZILYANS AK LESPWA
  • April 01, 2024
  • 8

Clifford Lacroix pran nesans yon 21 jiyè nan lopital chansrèl, li grandi ak manman l san papa. Daprè pèsonaj la, li se yon moun optimis, li renmen pataje (sa l genyen, sa l konnen), li egzijan ak tèt li e ak lantouraj li, li pale fò, sa ki fè anpil fwa li panse ki deranje lòt moun. Clifford fè preskolè li “Berger des saints”, pou rès etid klasik li yo jiska filo, li pase anpil lekòl pami yo : Collège Mixte Evangélique de Pétion, République des États - Unis, Collège Fr Alexandre, Lycée Pétion. Depi nan klas reto, li te aprann mekanik otomobil e li te rive diplome ladan. Li pran divès lòt fòmasyon tankou : chimi endistriyèl, antreprenarya, maketin ak lavant, jesyon pak otomobil e tou li gen yon espesyalizasyon nan elektrisite otomobil. Daprè Natcho, fòmasyon se yonn nan kle ki ka louvri pòt siksè pou yon moun. Depi ak laj 16 lane, Natcho te ekri nan yon kanè li vle vin yon antreprenè, yon mekanisyen, yon polisye, yon sosyològ epi senatè nan peyi Dayiti. Pou antreprenè a, se yon fòmasyon li te fin pran ak “La fondation Être Ayisyen”, sa ki te tou fè rèv la komanse fè chimen l. Nan lise Petyon, li te konn vann plim e ak benefis yo li peye machin epi manje pate ak sòs. Lè l rive nan klas twazyèm, li te gen chans rantre nan yon konpayi ki te rele AVON (company for women) kote li te vann pwodui pou fanm. Lè konbatan sa rive nan filo, AVON sispann vann Ayiti men sa pa t anpeche li kontinye vann pwodwi. Li te vin monte yon biznis ak yon kouzin li ki lòtbò dlo (Nan peyi etranje) ki t ap voye machandiz pou l vann isi (Ayiti). Aprè yon fòmasyon sou maketin ak lavant lan, li mete sou pye “KayNatcho”, premye antrepriz li ki vann pwodwi pou lave (Likid). Enpak Natcho sou antouraj li anpil, li preche yon konpòtman san konplèks tout kote li pase, li kwè orijin yon moun paka kondane l. Souvan, li ap jwenn temwanyaj kèk jèn k ap di l gras ak foug li yo sispann pè afwonte sa k te fè yo gen laperèz. Natcho satisfè anpil de moun li ye jodi a. Rèv pou l te yon gwo mekanisyen an reyalize, li fè pwogrè e li travay nan de (2) pi gwo konpayi machin an Ayiti. Li te vle yon antreprenè, sa se yon rèv l ap viv gras ak eksperyans li ak “kayNatcho” epi “Natchibab oil” ki se dezyèm antrepriz li lanse ak anpil lòt pwojè li patisipe. Li te travay nan mete Dynasty hub kanpe, yon espas ki te la pou ede jèn konkretize pwojè avni yo, sitou sou koze antreprenarya men ki malerezman pa egziste ankò. Pou moman an, Natcho ap evolye nan peyi Etazini kote li deja lanse yon nouvo pwodui ki se “Natchibab oil (yon lwil pou bab) kote li te rive fè lansman pwojè sila a 29 janvye 2024 la. Natcho ap travay pou li mete yon òfelina sou pye k ap gen kanmpous ak lekòl pwofesyonèl pou ofèlen tankou l, pou tout pitit malere kapab gen dwa a moso ledikasyon ak byennèt. Konsèy Natcho pou jèn yo, se malgre tout sa k ap pase nan peyi a, chimen ki pi sèten pou w sòti tèt ou e fè diferans, se rete lekòl, mete disiplin nan tout sa w ap fè. Talan pa sifi pou w reyisi, si w pa gen disiplin. Pa swiv kouran an, se pa tout sa anpil moun ap fè ki fòseman bon. Konsèy sitou pou jèn ki vle fè biznis yo, pa tann lè w gen milyon pou w kòmanse lide biznis ou a, kòmanse l epi milyon an ap vini. Depi n ap viv, nou pa dwe janm sispann batay pou n rive yon jou souri ak fyète menm jan ak Clifford Lacroix.

SONCAS : YON ZOUTI POU KONN KLIYAN W YO PI BYEN
  • February 28, 2024
  • 3

Chak lèt sa yo vle di yon bagay : S: SEKIRITE O: ÒGÈY N: NOUVOTE K: KONFÒ L: LAJAN S: SENPATI 6 levye sa yo ap pèmèt nou konprann bezwen kliyan yo pi byen e menm rive vann byen fasil. SEKIRITE (S) : Se yon tip kliyan ki pè pran ris e li vle gen garanti, li renmen asire avan l achte e fòk ou ba l tan l. ÒGÈY (Ò) : Kliyan sa pa vle sanble ak lòt kliyan yo li vle pou w mete l sou yon pyedestal, li vle demake l de yo e gen plis pwodui, e fò w montre l bon pwodui tou. NOUVOTE (N) : Kliyan sa renmen nouvo pwodui, kidonk depi w gen nouvo pwodui se ofri l. KONFÒ (K) : Kliyan sa ap chèche sa ki fasil san l pa fè okenn efò e li vle pou w byen resevwa l e akonpanye l. LAJAN (L) : Kliyan sa se vle montre richès li e li vle bon kalite . SENPATI (S) : Kliyan sa bay enpòtans ak relasyon e li vle pou w apresye l. SA POU N FÈ AK PA FÈ LÈ N ANFAS YONN NAN PWOFIL SILA YO SEKIRITE Sa pou n fè : ⦁ Fòk ou ba li prèv ⦁ Fòw presi Sa poun pa fè ⦁ Pa Ezite ⦁ Pa neglijan ÒGÈY Sa pou n fè ⦁ Fèl konpliman ⦁ Fèl yon kliyan modèl Sa pou n pa fè ⦁ Pa fè l pèdi tan li ⦁ Pa al eseye gen rezon sou li NOUVOTE Sa pou n fè ⦁ Prezante l nouvo pwodui ⦁ Pale de lòt bagay ki gen pou antre nan biznis la Sa pou n pa fè ⦁ Pa al chèche sanble ak lòt moun KONFÒ Sa pou n fè ⦁ Ba li bagay efikas e ki senp Sa pou n pa fè ⦁ Pa fè twòp chanjman ⦁ Pa konplike anyen LAJAN Sa pou n fè ⦁ Moutre antrepriz la ka antre lajan Sa pou n pa fè ⦁ Pa bay pawòl li enpòtans ⦁ Pa kenbe pwomès ou ⦁ Fè l pèdi tan SENPATI Sa pou n fè ⦁ Moutre ke w konprann li ⦁ Gen bon jan relasyon avè l Sa pou n pa fè ⦁ Ba l manti ⦁ Kache l enfòmasyon ⦁ Pa abize konfyans li Donk Pa gen yon pwofil ki pi bon ke yon lòt chak pwofil yo diferan e yo itil e entèresan tou. Travay pou n konnen pwofil pa nou, paske depi w konn pa w la wap fasil konn pa moun ki anfas ou a. Pa janm bliye se kliyan avan tout bagay e se ou menm ki pou adapte w ak kliyan an .

SABRINA LECONTE : PASYON W SE BOUSÒL REYISIT OU
  • February 22, 2024
  • 9

Jèn dam sa fèt yon 29 jiyè nan Pòtoprens, li te lekòl Marie Lourdes. Soti nan filo, li etidye Jesyon, kominikasyon ak enfòmatik biwotik.  Mizik se yonn nan pasyon li, li chante ak kolabore ak divès gwoup evanjelik. Pwofesè nan nivo pwofesyonèl, li se yon fanm ki sansib, respektye.  Li chaje ak bon jan kalite ki ap fè w ta toujou vle rete bò kote li e tou li se yon moun ki toujou vle moun ki bò kote l avanse sa ki rann li souvan renmen konseye kolaboratè oubyen zanmi li. Depi lekòl klasik, Sabrina te toujou reve depann de li, kidonk li te toujou wè nan li yon moun k ap kreye olye de yon anplwaye nan antrepriz lòt moun. Alòs, pandan adolesans li, li te aranje l retire yon bann prejije lakay li yon fason pou anyen pa t mete baryè devan rèv li. Responsab Addby-Tech la gen plizyè lòt chapo tankou: kowòdonatris jeneral Ceby Production, Direktris CED'ART, Animatris, Responsab vant ak pwodiksyon nan Lady Saby, yon jèn antrepriz li fenk mete sou pye, LS espesyalize l nan atizay, li fè atik ak kanva, rezin epi po.  Nan Lady Saby w ap jwenn akseswa tankou : bijou, valiz, bous, sandal, barèt, pòt kle epi li fè penti sou tisi. Pou jèn atizan sila, Lady Saby se yon bèl eksplwa pou li, antrepriz la inik e otantik paske li travay ak men l pou l rive satisfè kliyantèl li. E rèv li se pou Lady Saby se tounen yon mak entènasyonal. Jiska prezan LS se yon boutik anliy. Nan lane 2023 LS te soti yon koleksyon ki te fè siksè. Pi gwo defi li se kenbe pozitivite l ak motivasyon li chak jou pandan l ap viv an Ayiti e avanse ak biznis la malgre tout obstak li jwenn kòm fanm. 《Reve, pa sispann reve, reve gran, nan nivo pou menm rèv yo ba w kè kase.》 Se ak mo sa yo metrès seremoni ak responsab pwotokòl Ceby a te konkli chita pale li te gen ak nou an.

DEKOLE ANTREPRIZ OU GRAS AK METÒD SILA A
  • February 14, 2024
  • 8

Eric Ries, yon antreprenè ameriken devlope yon metòd ki tou pote non liv li ekri a, ki gen ladan metòd ki ka ede biznis ou pete plafon malgre posibilte ki genyen pou li ta echwe. Avan li ekri liv sa ki se “Lean startup”, li te kòmanse aplike l depi nan lane 2008 nan pwojè li “IMVU” e jiskaprezan l ap konseye e anseye l ak anpil antreprenè, metòd sa ki nan liv la.  AirBNB, IMVU, Facebook se kèk nan antrepriz ki fè gwo siksè gras ak metòd sila a. Men kèk etap enpòtan wap jwenn ki byen detaye nan liv “Learn Startup” la k ap ede antrepriz pa w pete plafon. KONNEN FEN E BYEN PWODWI OUBYEN SÈVIS OU YO AK MACHE W AP LANSE OU AN Eric Ries pale de benefis etap sa nan liv Lean Startup la, lè w konnen fen e byen Mache wap lanse ou a. Pou sa fèt ou pral fè yon etid sou mache a. si w vle konn plis sou etid yon mache nou gen yon atik ki pale de sa KISA KI YON ETID MACHE (Lien : https://bit.ly/3widcJo). Lè w aplike etap sa l ap pèmèt ou satisfè kliyan an egzakteman jan li ap atann nan e menm plis, paske lè w chwazi vann yon pwodwi oubyen yon sèvis ou sipoze pi konnen pwodwi a oubyen sèvis la pase kliyan an, se sa k ap bal konfyans poul pran sèvis oubyen achte nan men w. Men tout enfòmasyon etap sa ap pèmèt ou gen nan djakout ou pouw kapab byen lanse biznis ou an oubyen fèl avanse : • Konnen ki bagay mache a manke e pwodwi w la oubyen sèvis ou an pral konble. • Konnen kiyès ki nan nesesite sèvis oubyen pwodwi ou an. • Konnen kijan w pral rezoud pwoblèm moun sa yo ki bezwen sèvis ou a oubyen pwodwi ou a. • Konnen rezon ki fèw kwè ou ka rezoud pwoblèm moun sa yo ki bezwen sèvis oubyen pwodwi ou a. KREYE YON PWOTOTIP (MVP, Minimum Viable Product)  Ou fin konnen fen e byen pwodwi oubyen sèvis ou vle lanse yo ak mache w lan ? Kounya se moman pou w lanse w sou mache a ak yon premye vèsyon pwodwi oubyen sèvis, premye vèsyon sa w pral lanse w la pral ede w verifye etid ou te fè sou mache a. Sa vle di w ap kapab verifye ipotèz ou a daprè jan kliyan ou yo akeyi pwodwi oubyen sèvis ou a. Eric Ries dekonseye yon biznis ki fenk kòmanse kouri fè gran panpan nan lanse anpil sèvis oubyen pwodwi. E li detaye plis nan liv sa poul montre kòman pwototip sa pral aprann ou. E se fidbak sa yo ki pral ede biznis lan pwogrese.   PIVOTE OSWA PÈSEVERE Youn nan etap ki pi enpòtan nan “Lean startup” la.  Pwogresyon biznis lan depann de youn nan desizyon sa yo, pivote oswa pèsevere. “Lean Startup” ap pèmèt ou konprann byen indis ki mande pou pran youn nan desizyon sa yo fas a kèk sitiyasyon tankou : •  Chanjman tandans mache a. •  Kòmansman endikatè pèfòmans pwodwi a ki pa pwomèt. •  Elatriye… Sa yo konn mande pouw pivote pafwa. • Pivote a se kisa? Pafwa yon pwodwi oubyen yon sèvis konn mande amelyorasyon, chanjman menm kèk fwa, konsa tou se konn mache a ki pa apwopriye ak pwodwi a oubyen sèvis la. Pivote se kapab chanje pwodwi a pou ofri yon lòt ak menm mache a oubyen kenbe menm pwodwi a epi eseye adapte l ak yon lòt mache/piblik sib. Lè w pivote sa pa vle di ou fè lach pou sa, men se paske ou gen estatistik nan men w, se yo k ap ede w konn sa pou w fè e edew pa pèdi tan. • Kisa pèsevere an ye menm ? Pèsevere se kontinye kwè malgre done nan lansman pwodwi a pa bay bon rezilta men kontinye avanse jouk ou jwenn sa w t ap chèche a. Desizyon sa yo pa pran konsa konsa, li mande anpil refleksyon epi pouw toujou ap enfòme. Kèlkeswa rezon yon biznis ta genyen pou l kraze, yon bon aplikasyon de etap sa yo ak yon lespri pozitif  ap pèmèt li eksplwate sa l jwenn kòm pwoblèm yo olye yo febli l. Mespere ou te byen li atik la e konprann rezon pouw li liv la, pandan n ap envite ou kite yon kòmantè sou kòman ou twouve metòd sila a.

EXCROISSANCE : NOU CHAK GEN YON DEMON
  • February 08, 2024
  • 9

Istwa a baze sou yon jèn tifi ki ap evolye nan domèn lamòd kote li te gen yon patwon ki te egzijan anpil sa ki te lakoz li te toujou sou presyon. Mete sou sa, swit ak kèk eksperyans li te fè nan pase l, Anna te pèdi tout konfyans nan tèt li, sa ki ta pral lakoz nenpòt ti remak negatif sou li deranje l. Deja Anna se te yon moun ki pa t renmen pale, li te prefere kenbe anndan l tout sa l ap andire. Se nan refoulman sa, yon bagay inabityèl pral devlope anndan li. Fim nan ap rakonte istwa yon parazit ki ap viv gras ak moun li atache ak li a. Li  devlope an mezi moun sa ap kite lide nwa kite nan tèt li yo pran kontwòl li, li klè tout parazit bezwen yon sipò pou l kontinye egziste. Sa ale pi lwen toujou, kote pa bò lakay nou lè yon moun p ap leve ni lou ni lejè se sou kont moun l ap viv nou souvan rele l parazit. Men nan kad fim “Excroissance” la, fenomèn ki pwodwi a te lakoz gen yo entèdepans ant parazit la ak moun ki abrite l la. An nou pa chita sou siyifikasyon literal tèm nan, nou pral gade pi lwen pase sa je n te ba nou nan fim nan. ”Excroissance” se youn nan ra fim “dyab” ki voye yon moun al reflechi, lè nou apwofondi refleksyon nou sou fim nan n ap rann nou kont anndan nou chak gen demon n ap konbat, kit se nan domèn pwofesyonèl nou, nan relasyon familyal, santimantal, zanmitay ou menm sosyal tou senpman. Anpil fwa demon sa sèvi ak feblès nou yo pou l rive konsonmen nou. Dèfwa se yon ansanm fistrasyon, kèk bagay nou ap tante refoule ki pral reveye demon sa nan nou e lè n pa rive metrize l, li ka pran kontwòl nou, tèlman, antouraj nou ka derekonèt nou. Se tankou yon pyès monnen ki gen doub fas, anpil fwa nan chèche konfòme nou, nan rete nan silans nou se toujou yon sèl bò a tout moun wè pandan n ap toufe lòt bò a. Jou lòt bò sa di li bouke kenbe, antouraj nou riske pa rekonèt nou. Pati sa nou souvan ap kache a se feblès nou yo ki alimante l, e sa konn rive lè nou twò kenbe pati sa ki te toujou kache a, li konn transfòme an pi move vèsyon nou an; kote toksik la.  Vle ou pa, ant byen ak mal, fwontyè a pa pi gran pase sa nou ta iamjine a, tou de (2) anndan nou e youn pa mache san lòt, nou dwe sèlman konnen kijan pou nou kenbe balans lan an ekilib, se nou sèl ki ka deside ki fas ki ap gen dènye mo a menm jan aktris la te rive fè l puiske li te konnen li p ap ka detwi parazit la totalman li te deside fè lapè ak kote sonb li an, ak feblès li yo paske o final se yon pati nan li e se gras ak feblès li, li ka rive fò. E si feblès nou yo te la jis pou raple n nan ki nivo nou ka fò ? E si se sa ki ekilib la ? Byen ou mal, bon ou move, feblès ou fòs, se jis yon kesyon de chwa. Sonje w ap toujou gen chwa a e li pa depann de lòt moun sinon ou menm.

GEN KOURAJ POU W SEZI OPÒTINITE YO
  • February 07, 2024
  • 10

Mwen kwè w santi anvi pou w pa kite lapèrèz ou yo fè w kanpe epi pou w pran desten w nan de pla men w. EZITASYON, YOUN NAN PRENSIPAL KOZ YO Ezitasyon se dout ou yo ak lapèrèz ki fè l grandi. Tout jounen w ap mande si w pare, si w gen kapasite valab la vre, si w sanble ak sa k prezante a vre. Men, eske w te konnen kesyon sa yo se youn nan koz ki fè w pa ka aji paske ou pè soufrans w ap genyen an si sa pa ta mache ? OU KAPAB FÈ PLIS ! Li enpòtan pou w konprann ou kapab fè pi plis ou ta ka panse. Ou gen nan ou anpil resous, talan, kapasite ki sèlman bezwen ou itilize yo. Li rete pou w kwè nan tèt ou epi nan sa w gen andedan w. Pou w depase ezitasyon, li bon pou w chanje fizi w zepòl. Nan plas pou w ap chita panse ak obstak ak echèk k ap vini, konsantre w sou opòtinite, posiblite ak kwasans ki devan w. Wè chak moman ezitasyon tankou yon apèl pou w soti nan ti kwen w epi depase pwòp tèt ou. Pa bliye, regrè kèk fwa konn pi mal pase echèk. Kite anvi w mennen w, bon sans ou, anvi pou w reyalize bagay pou tèt ou menm. Leve defi ki byen reflechi fè pati wout pou w rive nan siksè a ak byennèt ou. OPÒTINITE YO Mete nan tèt ou opòtinite pa vin tout tan menm jan w ta vle l la. Li ka maske kò l dèyè gwo defi, obstak osinon sitiyasyon ki pa agreyab. Se lè w oze afronte defi yo w ap dekouvri ki kalte kapasite ou genyen nan ou e k ap louvri pòt ak eksperyans ki bèl toujou. Li enpòtan pou w sonje sa, chak eksperyans se yon okazyon pou aprann epi grandi. Menm si se ta echèk, w ap pran abilite, leson epi eksperyans ki valab k ap itil ou nan wout ou pou pi devan. Pa kite pè echwe fè w pèdi bèl opòtinite pou w devlope. Ou dwe pase lapèrèz devan w epi poze tèt ou klèman kesyon sa yo :   Si sa rive, kisa k pi mal ki ka rive m ?  Kisa m genyen andedan m pou m fè fas ak sitiyasyon sa a ? W ap wè jodi a ou genyen plis resous pase sa w te genyen anvan e tout tan tèt pa koupe espere met chapo, tout bagay posib. Pa janm bliye lavi a kout epi li pa gen pri. Pa kite ezitasyon vòlè pi bèl moman epi eksperyans kle yo. Oze soti nan twou w, pran ris epi mete men sou tout opòtinite ki vini sou chimen w.

STARTUP CLUB KAFOU - LIS SELEKSYONE (1YE KÒWÒT 2024)
  • February 05, 2024
  • 4

Aprè entèvyou nou pase ak preseleksyone yo, nou kontan prezante w lis seleksyone ki pral konpoze premye kòwòt pou lane 2024. LIS SELEKSYONE Ghislaine ESTÉGÈNE Jimmy ZAMOR Rose-Carmie R. S. JACQUES Schaëlda P. JOSEPH Emmanuel J. JEANTY Juan Roberto K. THOMAS Sofanie LESPERANCE Roodaïna D. ISRAËL Sachiel LOUISOR Tout ekip la deja trè eksite pou demare travay ak nou.

VANN PWODWI AK SÈVIS OU AK FASILITE
  • February 05, 2024
  • 18

Gen anpil moun ki vle fè biznis men pou yo vann sa k nan biznis lan li parèt yon kas tèt chinwa. A pati de 3 pwen sa yo w ap wè vann se yon bagay fasil si w rive devlope twa (3) zouti sa yo ki se : 1) Devlope bon jan  relasyon ak kliyan an 2)  Pa wè lajan kliyan an avan kliyan an 3)  Manipilasyon oubyen Enfliyans 1) Devlope bon jan relasyon ak kliyan an Nan etap sa, w ap kreye bon  jan  lyen ak kliyan an (lyen pwofesyonèl) pou w ka fè kliyan an apwoche l de ou e gen konfyans nan sa w ap ofri l la;  sa pra l pèmèt kliyan an satisfè de bezwen rekonesans e apatenans li (Pyramide Maslow). Lè w chwazi kreye bon jan relasyon ak kliyan an sa pral pèmèt ou fè kliyan an konekte bezwen li ak pwodwi oubyen sèvis w ap ofri li a e l ap santil nan konfyans, l ap santi l konfòtab e w ap ka fè kliyan an gentan wè byenfè sa l ap achte nan men w lan. 2) Pa wè lajan kliyan an avan kliyan an Pati sa rele "faktyèl" ki diferan de "relasyonèl" la nou sot devlope nan premye pwen an. Lè w egzèse faktè sa, ou  mete yon baraj ant ou menm ak kliyan an san w pa rann ou kont. Yonn nan pi gwo bagay ou kreye se yon mank  konfyans ou kreye lakay kliyan an. Ou vin fè kliyan an pran desizyon yo pou kòl san w pa asiste l e ede l; lè sa ou fè kliyan an flou nan desizyon l ap pran e menm sou desizyon final la ki se : eske l ka achte nan men w ? 3) Manipilasyon oubyen Enfliyans • Kisa sa ye manipile yon moun? Manipilasyon, nan sans abstrè, refere ak kontwòl yon moun egzèse sou youn oswa plizyè lòt ak objektif pou kontwole aksyon oswa santiman li yo. Manipilasyon konsidere kòm yon manèv pou twonpe oswa menm pou pèvèti moun. Olye nou manipile, mwen ap ankouraje n pito enfliyanse. • Kòman pou n enfliyanse ? Lè w enfliyansye yon kliyan ou fè l wè enterè l e enterè pa w san nou youn pa kraze enterè lòt. Lè w manipile yon kliyan li p ap satisfè, l ap gen yon santiman  vanjans, l ap santi se fòse ou fòse l achte l; lè sa kliyan an p ap retounen nan magazen oswa nan biznis ou a ankò; anplis w ap gen yon move repitasyon. Kite m  pataje senk (5) konsèy ak nou mwen jwenn nan  liv  « How to win friends and influence people » de Dale Carnegie  : 1. Nou sipoze konplimante kliyan nou yo;  fòk nou onèt e sensè; se yon ti jès trè senp ou p ap peye pou w fè sa, e li gen plis chans pou li rapòte w anpil bagay. 2. Entèrese ak kliyan an : kòman ou kapab montre sa? Ou ka montre kliyan an sa depi nan jan w ap salye l e kòman ou pra l fè pou anrejistre enfòmasyon li yo. 3. Toujou sonje non kliyan an: enpòtan, tout fwa toujou  mete mesye,madam devan non an. 4. Genyen respè pou kliyan an e pou opinyon li :  pa janm di kliyan li antò pito se li menm ki vin wè sa. 5. Depi se ou ki antò, jis admèt sa : se yon mak imilite anplis se sa ki pral fè kliyan an ogmante konfyans nan  ou.. Kidonk, depi w byen enfliyanse yon kliyan w ap gen kliyan sa pou lavi e kliyan sa ap fè w jwenn lòt kliyan . Pa bliye nan lavant, avan tout bagay menm avan lajan w pra l fè a se relasyon ou gen ak kliyan an ki konte se li pou bay plis enpòtans, se travay pou w genyen bon jan relasyon ak kliyan pou w ka gen lajan nan pòch ou.. Kliyan avan tout bagay !!!!