• (+509) 43125225
  • annkreye20@gmail.com
ANTREPRENARYA

VANN PWODWI AK SÈVIS OU AK FASILITE

  • February 05, 2024
  • 18
VANN PWODWI AK SÈVIS OU AK FASILITEIA - IMAGE

Lè m te komanse vann nan lane 2016 nan yon biznis mwen ak kèk lòt zanmi te mete sou pye ki rele "AJEH services" mwen te jis t ap vann men san konnen pou otan bon zouti pou m itilize yo e sa te vin bay gwo pwoblèm ak kliyan yo pi devan paske nou pat twò devlope bon jan relasyon ak kliyan yo.  Sa rive w deja ? 

Gen anpil moun ki vle fè biznis men pou yo vann sa k nan biznis lan li parèt yon kas tèt chinwa. A pati de 3 pwen sa yo w ap wè vann se yon bagay fasil si w rive devlope twa (3) zouti sa yo ki se :

1) Devlope bon jan  relasyon ak kliyan an
2)  Pa wè lajan kliyan an avan kliyan an
3)  Manipilasyon oubyen Enfliyans

1) Devlope bon jan relasyon ak kliyan an

Nan etap sa, w ap kreye bon  jan  lyen ak kliyan an (lyen pwofesyonèl) pou w ka fè kliyan an apwoche l de ou e gen konfyans nan sa w ap ofri l la;  sa pra l pèmèt kliyan an satisfè de bezwen rekonesans e apatenans li (Pyramide Maslow).

Lè w chwazi kreye bon jan relasyon ak kliyan an sa pral pèmèt ou fè kliyan an konekte bezwen li ak pwodwi oubyen sèvis w ap ofri li a e l ap santil nan konfyans, l ap santi l konfòtab e w ap ka fè kliyan an gentan wè byenfè sa l ap achte nan men w lan.

2) Pa wè lajan kliyan an avan kliyan an

Pati sa rele "faktyèl" ki diferan de "relasyonèl" la nou sot devlope nan premye pwen an. Lè w egzèse faktè sa, ou  mete yon baraj ant ou menm ak kliyan an san w pa rann ou kont.

Yonn nan pi gwo bagay ou kreye se yon mank  konfyans ou kreye lakay kliyan an. Ou vin fè kliyan an pran desizyon yo pou kòl san w pa asiste l e ede l; lè sa ou fè kliyan an flou nan desizyon l ap pran e menm sou desizyon final la ki se : eske l ka achte nan men w ?

3) Manipilasyon oubyen Enfliyans

• Kisa sa ye manipile yon moun?

Manipilasyon, nan sans abstrè, refere ak kontwòl yon moun egzèse sou youn oswa plizyè lòt ak objektif pou kontwole aksyon oswa santiman li yo. Manipilasyon konsidere kòm yon manèv pou twonpe oswa menm pou pèvèti moun.

Olye nou manipile, mwen ap ankouraje n pito enfliyanse.

• Kòman pou n enfliyanse ?

Lè w enfliyansye yon kliyan ou fè l wè enterè l e enterè pa w san nou youn pa kraze enterè lòt.

Lè w manipile yon kliyan li p ap satisfè, l ap gen yon santiman  vanjans, l ap santi se fòse ou fòse l achte l; lè sa kliyan an p ap retounen nan magazen oswa nan biznis ou a ankò; anplis w ap gen yon move repitasyon.

Kite m  pataje senk (5) konsèy ak nou mwen jwenn nan  liv  « How to win friends and influence people » de Dale Carnegie  :

1. Nou sipoze konplimante kliyan nou yo;  fòk nou onèt e sensè; se yon ti jès trè senp ou p ap peye pou w fè sa, e li gen plis chans pou li rapòte w anpil bagay.

2. Entèrese ak kliyan an : kòman ou kapab montre sa? Ou ka montre kliyan an sa depi nan jan w ap salye l e kòman ou pra l fè pou anrejistre enfòmasyon li yo.

3. Toujou sonje non kliyan an: enpòtan, tout fwa toujou  mete mesye,madam devan non an.

4. Genyen respè pou kliyan an e pou opinyon li :  pa janm di kliyan li antò pito se li menm ki vin wè sa.

5. Depi se ou ki antò, jis admèt sa : se yon mak imilite anplis se sa ki pral fè kliyan an ogmante konfyans nan  ou..

Kidonk, depi w byen enfliyanse yon kliyan w ap gen kliyan sa pou lavi e kliyan sa ap fè w jwenn lòt kliyan .

Pa bliye nan lavant, avan tout bagay menm avan lajan w pra l fè a se relasyon ou gen ak kliyan an ki konte se li pou bay plis enpòtans, se travay pou w genyen bon jan relasyon ak kliyan pou w ka gen lajan nan pòch ou..

Kliyan avan tout bagay !!!!

Pataje
Michel Jeff

Mwen se Jeff Michel, “Gestionnaire" ak “Conseiller de vente”. Fondatè EliteVenteConseil, yon jèn Kretyen devwe nan developman kominotè, ki la pou enspire, fòme ak akonpanye jèn nan monte antrepriz yo.

Kòmantè

Koachy Shania
February 05, 2024 - 10:02:25 AM

Bonjour,mesi anpil pou bel atik sa!mwen apran anpil de temwanyaj la e mwen pral fè anpil efo pou m swiv konsey ou yo????????

Jean Rosvelt Meraite
February 05, 2024 - 10:07:23 AM

Se enteresan.
Sa ap ede anpil moun ki wè tèt yo nan kannva Antreprenarya.
Mèsi pou kontribisyon w nan ede Jèn Ayisyen.

Nicodem Laurore
February 05, 2024 - 10:33:50 AM

Anpil Moun pa renmen, santi se vann wap vann yo, se pou sa, yon konsèy Konsa vo anpil pou Moun ki vle lanse yo nan biznis.
bèl atik Merci Mr Jeff Michel

Dieudonné vélène
February 05, 2024 - 10:43:17 AM

Bonjour e mèsi pou atik sa yo se trè enspiran sa ap eden konnen kòman poun jere kliyan yo .

Widler NOËL
February 05, 2024 - 10:59:36 AM

Yon teks konsa dwe sisite emèjans yon lot kategori lidè sitou nan mas la. Paske anpil antreprenè nan Klas mwayenn nan, oubyen elite ekonomik lan vann nou yon imaj egoyis, egosantrik, manipilatè ak inilateral( lajan= byen, sevis). E sa dwe pouse nou chak ki wè tèt nou sou teren an, a aji diframan.

Annfèbiznizyonlotfasonannayiti@#
SSAD

Isebed ALCIUS
February 05, 2024 - 11:50:05 AM

Felisitasyon Jeff ????????????????????????????????????????????????????????

Montre yon moun koman pou l peche olye ou ba li yon pwason chak jou se pi gwo kado ou te ka ba li paske konsey pou yon moun reyisi nan yon biznis pa gen pri.
Si tou lè sa pote fri.

Lundy Ralph
February 05, 2024 - 11:52:19 AM

Mèsi pou si bèl e bon konsèy sila...
M panse piti piti nap fini pa fome yon grand pati nan jeunès peyi sa pou pote yon enpak pozitif nan peyi a...

Mèsi Ekip Ann kreye a...
PDG Roobens bon travay...kenbe la...

Sean
February 05, 2024 - 01:33:56 PM

Bonsoir
Mwen felisitew pou si bel travay sa wap Fe
Kenbe la pa Lage!!!!

Jeff stanley Sainney
February 05, 2024 - 06:20:13 PM

Mwen felisite w pou travay ou intansyon w
Kenbe yn klian se pa bagay ki fasil,
si tou moun
ki pa konn sa l bezwen, e
ki paka deside rapid
Se byen lap ede nou jwen plis teknik, plis konprann pou nou vann.

June
February 05, 2024 - 07:57:10 PM

Good my Love ????
Keep shining bby

Roosvelt JEANTILUS
February 05, 2024 - 10:39:59 PM

Mèsi anpil prezidan Jeff atik la enspire m anpil bagay felisitasyon frèm kenbe la kontinye ede Jan w kapab.

Ivelyne JUSTE
February 06, 2024 - 08:37:22 AM

Felisitasyon mesye Jeff,anpil moun echwe nan biznis se paske yo pa konn kijan pou pale ak kliyan e yo wè lajan avan kliyan. Sa se yon bèl rale e esansyèl pou kenbe yon kliyantèl fidèl e devwe,kap menm edew fè maketin sanl pa rann li kont...

Ivelyne JUSTE
February 06, 2024 - 08:39:12 AM

Felisitasyon mesye Jeff,anpil moun echwe nan biznis se paske yo pa konn kijan pou pale ak kliyan e yo wè lajan avan kliyan. Sa se yon bèl rale e esansyèl pou kenbe yon kliyantèl fidèl e devwe,kap menm edew fè maketin sanl pa rann li kont...

Kencia
February 06, 2024 - 08:43:09 AM

Bon bagay très cher, kenbe la....

Claudinho
February 06, 2024 - 09:19:37 AM

Parabéns meu irmão!!!:

Laura Stéphie LIBERTIN
February 07, 2024 - 02:04:33 PM

????????????????

Beauchamps Lens Novensky
February 07, 2024 - 02:17:02 PM

Mèsi ak tout ekip la , konsèy nan atik la ap pèmèt mwen devlope bon jan relasyon ak fiti kliyan mwen yo

Jonathan Loré
March 09, 2024 - 10:35:16 PM

Felisitasyon frè pam, bèl atik e bon konsèy. Tout sa w pote pou nou se fè reyèl yo ye. Nan lavni m ap mete tout pwen sa yo an pratik.
Mèsi bokou

Kite yon kòmantè