• (+509) 43125225
  • annkreye20@gmail.com
07AVR
GRAFIK DIZAY POU DEBITAN (SEYANS 1)

FÒMASYON Rejwenn nou nan dezyèm pwogram "KONPETANS 2.0" a ki pote non "GRAFIK DIZAY POU DEBITAN". Nan pwogram sa, ou pral kapab DEKOUVRI ak APRANN baz grafik dizay epi ale APLIKE konesans sa yo nan pakou pwofesyonèl ou. Ou swete demake w sou mache travay la, konpetans nan grafik dizay kapab ede w fè sa. Rezève plas ou depi kounya !

29MAS
HAPPY HOUR (EDISYON 1)

Ou se yon jèn k ap evolye nan komin kafou ? Ou t ap renmen konekte ak lòt jèn enspiran nan yon anbyans fèt ak jwèt tradisyonèl ? ANN KREYE deside lanse premye edisyon "HAPPY HOUR" ki se pral yon espas rezotaj, koneksyon ak detant ant divès jèn nan komin lan chak fen mwa. Rejwenn nou vandredi 29 mas ki ap vini la apati 3zè nan lapremidi nan lokal "Gamezone" ki chita kòl nan Mon repos 44 bò kote batiman "Cric-Crac" la. Rezèvasyon obligatwa.

10MAS
KREYE AK DEVLOPE MAK PÈSONÈL OU (SEYANS 3)

Rejwenn nou nan twazyèm seyans fòmasyon nan kad pwogram "KREYE AK DEVLOPE MAK PÈSONÈL OU" sou sijè " KREYE IDANTITE VIZYÈL MAK PÈSONÈL OU". Nan seyans sila nou pral wè ansanm : - Kisa ki yon idantite vizyèl - Kijan pou chwazi koulè pou mak pèsonèl - Kijan w ka fè yon logo pou mak ou - Chwa polis ekriti pou tèks kominikasyon w yo - Tip kontni w ka kreye pou pwomote mak pèsonèl ou Rezève plas ou kounya.

03MAS
KREYE AK DEVLOPE MAK PÈSONÈL OU (SEYANS 2)

Rejwenn nou pou dezyèm seyans fòmasyon nan kad pwogram "KREYE AK DEVLOPE MAK PÈSONÈL OU". Nan seyans sa nou pral abòde ansanm zouti ak teknik ki ap ede w definik yon mak pèsonèl ki remakab ak enpaktan. Pou seyans sa, nou ap pran sèlman 15 patisipan.

01FEV
FÈ FAS AK PWOBLÈM YO PANDAN W AP SWIV PASYON ANTREPRENARYAL OU

FÈ FAS AK PWOBLÈM YO PANDAN W AP SWIV PASYON ANTREPRENARYAL OU

25JAN
DEVLOPE YON FÒS MANTAL SOLID FAS AK DEFI YO

DEVLOPE YON FÒS MANTAL SOLID FAS AK DEFI YO

25FEV
KREYE AK DEVLOPE MAK PÈSONÈL OU (SEYANS 1)

Rejwenn nou nan premye seyans fòmasyon sou tèm " KREYE AK DEVLOPE MAK PÈSONÈL".

18JAN
ZOUTI AK TEKNIK POU OGMANTE PWODIKTIVITE W

ZOUTI AK TEKNIK POU OGMANTE PWODIKTIVITE W

10JAN
POUKISA E KOMAN NOU DWE FIKSE OBJEKTIF

POUKISA E KOMAN NOU DWE FIKSE OBJEKTIF