• (+509) 43125225
  • annkreye20@gmail.com
25FEV
KONPETANS 2.0

KONPETANS 2.0 se yon seri pwogram fòmasyon prezansyèl ekip ANN KREYE a deside mete sou pye pou ranfòse kapasite jèn yo nan pakou pwofesyonèl ak antreprenaryal yo.

25OUT
RÉDACTION PLAN D'AFFAIRES

STARTUP CLUB KAFOU - FÒMASYON Kisa ki yon plan dafè ? Ki diferan pati dokiman sa a genyen? Poukisa patenè finansman mande pou li ? E poukisa li enpòtan nan yon antrepriz ? ☑️Redaksyon yon plan dafè se yon etap ki enpòtan pou tout moun ki antreprenè oswa antrepriz k ap vini yo. Dokiman estratejik sa a, etabli plan ki pral gide devlopman ak jere antrepriz la. ☑️Li ede ou konsantre sou objektif ou yo epi li ba ou repons ou bezwen pou fè pwosesis finansman ak prè pou antrepriz lan pi fasil. ☑️Souvan fwa nou fè erè nan kwè se sèlman biznis k ap kòmanse oswa k ap chèche finansman ki ta dwe fè yon plan dafè. ☑️An reyalite, zouti sa nesesè pou ede w planifye kwasans ak pwogrè antrepriz ou, se li ki defini tout estrateji w ap rive mete an plas pou fè antrepriz lan reyisi. ☑️Lè n konsidere gwo difikilte antreprenè yo rankontre an tèm estrikti nan aktivite ekonomik yo : mank kontabilite, estrateji maketin ak mank de yon sistèm sipò pou fasilite kwasans yo, previzyon elatriye... ☑️ ANN KREYE - STARTUP CLUB KAFOU deside lanse yon program fòmasyon sou "REDAKSYON PLAN DAFÈ" pou pèmèt ou menm antreprenè oubyen aspiran antreprenè konprann byenfonde chak pati ki konstitye yon plan dafè e ba ou konpetans nesesè pou analize, fè yon planifikasyon detaye ak yon vizyon estratejik sou yon redaksyon plan dafè k ap rive konvenk yon envestisè, gide operasyon w yo, ak asire siksè long tèm antrepriz ou a.