• (+509) 43125225
  • annkreye20@gmail.com
REZIME LIV

DEKOLE ANTREPRIZ OU GRAS AK METÒD SILA A

  • February 14, 2024
  • 8
DEKOLE ANTREPRIZ OU GRAS AK METÒD SILA AIA - IMAGE

Posibilite pou yon biznis pa fè pwofi oubyen kraze tou makonnen ak ide biznis lan, siw ta pran nenpòt biznis kòm egzanp, kantite rezon poul kraze a ap anpil.

Eric Ries, yon antreprenè ameriken devlope yon metòd ki tou pote non liv li ekri a, ki gen ladan metòd ki ka ede biznis ou pete plafon malgre posibilte ki genyen pou li ta echwe.

Avan li ekri liv sa ki se “Lean startup”, li te kòmanse aplike l depi nan lane 2008 nan pwojè li “IMVU” e jiskaprezan l ap konseye e anseye l ak anpil antreprenè, metòd sa ki nan liv la. 

AirBNB, IMVU, Facebook se kèk nan antrepriz ki fè gwo siksè gras ak metòd sila a.

Men kèk etap enpòtan wap jwenn ki byen detaye nan liv “Learn Startup” la k ap ede antrepriz pa w pete plafon.

KONNEN FEN E BYEN PWODWI OUBYEN SÈVIS OU YO AK MACHE W AP LANSE OU AN

Eric Ries pale de benefis etap sa nan liv Lean Startup la, lè w konnen fen e byen Mache wap lanse ou a.

Pou sa fèt ou pral fè yon etid sou mache a. si w vle konn plis sou etid yon mache nou gen yon atik ki pale de sa KISA KI YON ETID MACHE (Lien : https://bit.ly/3widcJo).

Lè w aplike etap sa l ap pèmèt ou satisfè kliyan an egzakteman jan li ap atann nan e menm plis, paske lè w chwazi vann yon pwodwi oubyen yon sèvis ou sipoze pi konnen pwodwi a oubyen sèvis la pase kliyan an, se sa k ap bal konfyans poul pran sèvis oubyen achte nan men w.

Men tout enfòmasyon etap sa ap pèmèt ou gen nan djakout ou pouw kapab byen lanse biznis ou an oubyen fèl avanse :

• Konnen ki bagay mache a manke e pwodwi w la oubyen sèvis ou an pral konble.

• Konnen kiyès ki nan nesesite sèvis oubyen pwodwi ou an.

• Konnen kijan w pral rezoud pwoblèm moun sa yo ki bezwen sèvis ou a oubyen pwodwi ou a.

• Konnen rezon ki fèw kwè ou ka rezoud pwoblèm moun sa yo ki bezwen sèvis oubyen pwodwi ou a.

KREYE YON PWOTOTIP (MVP, Minimum Viable Product) 

Ou fin konnen fen e byen pwodwi oubyen sèvis ou vle lanse yo ak mache w lan ?

Kounya se moman pou w lanse w sou mache a ak yon premye vèsyon pwodwi oubyen sèvis, premye vèsyon sa w pral lanse w la pral ede w verifye etid ou te fè sou mache a.

Sa vle di w ap kapab verifye ipotèz ou a daprè jan kliyan ou yo akeyi pwodwi oubyen sèvis ou a. Eric Ries dekonseye yon biznis ki fenk kòmanse kouri fè gran panpan nan lanse anpil sèvis oubyen pwodwi.

E li detaye plis nan liv sa poul montre kòman pwototip sa pral aprann ou. E se fidbak sa yo ki pral ede biznis lan pwogrese.
 
PIVOTE OSWA PÈSEVERE

Youn nan etap ki pi enpòtan nan “Lean startup” la.

 Pwogresyon biznis lan depann de youn nan desizyon sa yo, pivote oswa pèsevere.

“Lean Startup” ap pèmèt ou konprann byen indis ki mande pou pran youn nan desizyon sa yo fas a kèk sitiyasyon tankou :

•  Chanjman tandans mache a.
•  Kòmansman endikatè pèfòmans pwodwi a ki pa pwomèt.
•  Elatriye…
Sa yo konn mande pouw pivote pafwa.

• Pivote a se kisa?

Pafwa yon pwodwi oubyen yon sèvis konn mande amelyorasyon, chanjman menm kèk fwa, konsa tou se konn mache a ki pa apwopriye ak pwodwi a oubyen sèvis la.

Pivote se kapab chanje pwodwi a pou ofri yon lòt ak menm mache a oubyen kenbe menm pwodwi a epi eseye adapte l ak yon lòt mache/piblik sib.

Lè w pivote sa pa vle di ou fè lach pou sa, men se paske ou gen estatistik nan men w, se yo k ap ede w konn sa pou w fè e edew pa pèdi tan.

• Kisa pèsevere an ye menm ?

Pèsevere se kontinye kwè malgre done nan lansman pwodwi a pa bay bon rezilta men kontinye avanse jouk ou jwenn sa w t ap chèche a.

Desizyon sa yo pa pran konsa konsa, li mande anpil refleksyon epi pouw toujou ap enfòme.

Kèlkeswa rezon yon biznis ta genyen pou l kraze, yon bon aplikasyon de etap sa yo ak yon lespri pozitif  ap pèmèt li eksplwate sa l jwenn kòm pwoblèm yo olye yo febli l.

Mespere ou te byen li atik la e konprann rezon pouw li liv la, pandan n ap envite ou kite yon kòmantè sou kòman ou twouve metòd sila a.

Pataje
Nicodem Laurore

Mwen se Nicodem Laurore, yon kreyatè sit entènèt epi grafis. Mwen se yon pasyone de teknoloji.

Kòmantè

Rosy
February 14, 2024 - 05:56:36 PM

Konpliman N.L!
M apresye travay byen estriktire sa. Sitou,travay metodoloji a. Kontinye vanse pou pi douvan nan chimen limyè konesans!

Louikenson
February 14, 2024 - 07:34:10 PM

Good job

Diego
February 14, 2024 - 10:00:35 PM

Felisitasyon pou travay sa , ide ou pote yo pou aprann kominote a plis .

Caleb BENJAMIN
February 14, 2024 - 10:09:26 PM

Bon travay kamarad kontinye frape ✍????

Jeff Michel
February 15, 2024 - 08:34:47 AM

Bon bagay !!

Pierre Jean Max Aristhène Childebert
February 15, 2024 - 02:14:49 PM

Good ???? kontinye travay

Dieudonné vélène
February 17, 2024 - 12:39:35 PM

Trè bèl atik

Christelle Bétina FLORESTAL
March 05, 2024 - 01:39:45 PM

Bravooo !

Kite yon kòmantè