• (+509) 43125225
  • annkreye20@gmail.com
PERSONAL BRANDING : APRANN ANN TÈT OU AVAN W VANN ANTREPRIZ OU
August 10, 2023

PERSONAL BRANDING : APRANN ANN TÈT OU AVAN W VANN ANTREPRIZ OU

ANN KREYE _ ESPAS KREYATÈ

Toujou nan lide pou demokratize konesans ak enspire w antreprann, Ann Kreye lanse yon ribrik ki pote non ESPAS KREYATÈ

???? Espas kreyatè se yon ribrik kozri ki la pou ede w devlope yon pi bon mwayen pou w grandi lespri w nan divès domèn. Sitou nan dòmèn ki lye ak antreprenarya ak devlopman pèsonèl.

⚪ Espas kreyatè se yon espas k ap gen anpil potansyèl kolaboratè pou ede w avanse ak lide oubyen pwojè w yo.

Pataje
Lòt evenman
07AVR
GRAFIK DIZAY POU DEBITAN (SEYANS 1)

FÒMASYON Rejwenn nou nan dezyèm pwogram "KONPETANS 2.0" a ki pote non "GRAFIK DIZAY POU DEBITAN". Nan pwogram sa, ou pral kapab DEKOUVRI ak APRANN baz grafik dizay epi ale APLIKE konesans sa yo nan pakou pwofesyonèl ou. Ou swete demake w sou mache travay la, konpetans nan grafik dizay kapab ede w fè sa. Rezève plas ou depi kounya !

29MAS
HAPPY HOUR (EDISYON 1)

Ou se yon jèn k ap evolye nan komin kafou ? Ou t ap renmen konekte ak lòt jèn enspiran nan yon anbyans fèt ak jwèt tradisyonèl ? ANN KREYE deside lanse premye edisyon "HAPPY HOUR" ki se pral yon espas rezotaj, koneksyon ak detant ant divès jèn nan komin lan chak fen mwa. Rejwenn nou vandredi 29 mas ki ap vini la apati 3zè nan lapremidi nan lokal "Gamezone" ki chita kòl nan Mon repos 44 bò kote batiman "Cric-Crac" la. Rezèvasyon obligatwa.

10MAS
KREYE AK DEVLOPE MAK PÈSONÈL OU (SEYANS 3)

Rejwenn nou nan twazyèm seyans fòmasyon nan kad pwogram "KREYE AK DEVLOPE MAK PÈSONÈL OU" sou sijè " KREYE IDANTITE VIZYÈL MAK PÈSONÈL OU". Nan seyans sila nou pral wè ansanm : - Kisa ki yon idantite vizyèl - Kijan pou chwazi koulè pou mak pèsonèl - Kijan w ka fè yon logo pou mak ou - Chwa polis ekriti pou tèks kominikasyon w yo - Tip kontni w ka kreye pou pwomote mak pèsonèl ou Rezève plas ou kounya.